LAJISTIS REFLETE SA BONDYE YE A
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Lè nou pale sou lajistis se enposib ou pa sonje moun ki plis dwat ki se Bondye. Li renmen lajistis anmenmtan ke li rayi lenjistis. Lajistis gen rapò ak pawòl Bondye paske moun ki viv dapre prensip sa a, se lajistis yo mete an aplikasyon nan lavi yo epi pa konsekans yo atire lanmou Bondye a sou yo. Ann fè yon ti meditasyon sou sa…
Mwen fè moun mache dwat devan Bondye. Mwen fè yo mache yon jan pou yo pa fè moun lenjistis. Lè moun renmen m’, mwen ba yo anpil byen. Mwen plen kay yo ak richès. Pwovèb 8:20-21
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris