LAJISTIS AK PÈFEKSYON
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Pa egziste yon sèl moun sou latè ki pafè. Sèlman Senyè Jezi ki te ka pase isi a san li pat fè okenn peche paske li te vini nan lachè a tankou Ti Mouton Sakrifisyèl. Se konsa, li te ban nou dwa pou nou gen aksè ak Bondye Papa a. Nan lòt mo, lè nou obeyi li ak mache dwat, lè nou renmen lajistis Bondye a, lè nou mete pawòl li an aplikasyon, nou pafè nan je Bondye, kidonk nap resevwa sa ki pi presye ki se Delivrans nanm nan.
Men pitit pitit Noe yo. Nan tout moun ki t’ap viv lè sa a, Noe te sèl moun ki t’ap mache dwat devan Bondye, ki pa t’ nan anyen ki mal. Li t’ap mache byen ak Bondye. Jenèz 6:9
Tout peche se lejistis, tout lenjistis se peche yo ye. Sètadi, si nou pa rayi lenjistis, nou ap renmen peche nan yon fason volontè oswa envolontè. Se pou rezon sa a, fòk nou mache dwat ki se menm bagay ou renmen lajistis Bondye.
Seyè a di Noe: Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k’ap viv koulye la a, se ou menm sèl mwen wè k’ap mache dwat devan mwen. Jenèz 7:1
Ann kontinye nan videyo a…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris