LAGLWA KOTIDYEN NOU AN
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Nou wè plizyè moun ki kouri deyè yon pakèt bagay sou latè, malgre kèk nan yo jwenn sa yo vle a, yo kontinye santi yo vid kòm si manke kèk bagay pou yo. Kidonk, yo pase tout lavi yo jiska yo konprann ke pi gwo glwa nou kapab resevwa sou latè nan yon fason ke nou ka fè grandizè nou pa ka jwenn li nan okenn lòt kote ke nan konesans sou kiyès Bondye Tre Wo a, li renmen lajistis ak fè sa ki korèk. Sa se yon bagay ki nonsèlman konble vid ki nan nou, men li mennen nou fè yon gwo esperyans ak Kreyatè a. Ann fè yon bon chita pale sou sa…
Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich. Men si yon moun vle fè grandizè, l’a fè grandizè dèske li konnen m’, dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m’ plezi. Se mwen Seyè a ki di sa. Jeremi 9:23
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris