LAGLWA DENYÈ KAY LA
Se pou ou li ak medite nan mensaj sa a...
Bib la di:
Kay sa a (sa ki pou syèl la) ap pi bèl lontan pase premye a (sa ki sou latè) . Se isit la menm m’ap bay tout moun kè poze. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa! Aje 2:9
Depi nou konsidere kay la se nou menm menm, m ka konprann ke premye kay la se moun ki fèt nan vant manman li kote laglwa li se sa mond lan kapab ofri ba li (richès, lavi santimantal, zanmi, otorite, etc.); denyè kay la se moun fèt yon dezyèm fwa kote ke natirèlman laglwa pou moun sa yo se pi wo pase sa mond lan ka ofri, paske li la pou toutan: lavi ki pap janm fini an, viv nan peyi kote Bondye wa a ak Delivrans lan.
Konsa tou, gen kò ki fèt pou syèl la (moun ki fèt yon dezyèm fwa), gen kò ki fèt pou tè a (moun fèt sèlman nan lachè a) . Men, yo chak bèl nan jan pa yo: Kò ki fèt pou syèl la gen yon bèlte ki pa menm ak bèlte kò ki fèt pou tè a. 1 Korent 15:40
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris