LAGLWA DENYÈ KAY LA
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Tèks sa a montre nou nan yon fason klè, poukisa anpil moun pa resevwa batèm nan Sentespri a:
Malgre sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pa t’ kite moun wè sa pou yo pa t’ mete yo deyò nan sinagòg la. Yo te pito lwanj ki soti nan men lèzòm pase lwanj ki soti nan men Bondye. Jan 12:42-43
Malgre, chèf jwif yo KWÈ nan Senyè Jezi a, sa vle di, yo pa gen dout Li te pitit Bondye a, yo pat ASIME lafwa nan li. Nan lòt sans, yo pat vle tounen sèvite Jezi akòz lapèrez pou sa yo tap panse de yo ak laperèz pou pèdi pozisyon yo nan sosyete a. Yo inyore laglwa Bondye tap vle mete andan tèt yo paske yo te enpòtan devan sosyete a, nan sans pozisyon devan pèp la, yo pat vle sakrifye sa, pou « kay sa a(lavi yo) ap pi bèl lontan pase premye a (tanp ki te resevwa laglwa Bondye a).
Kay sa a ap pi bèl lontan pase premye a. Se isit la menm m’ap bay tout moun kè poze. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa! Aje 2:9
Ann gade videyo kote nou eklere sa pou nou…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris