LAFWA SINATIRÈL AK ENTELIJAN OFRI BA OU VRE LAJWA
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Menm jan nou konn pale chak jou, lafwa se yon bagay endividyèl epi bon jan lafwa ki bay moun rezilta se lafwa sinatirèl. Se li menm ki fè moun wè pwomès Bondye reyalize nan lavi yo. Donk, lè yon moun vle viv lavi a de epi li gen lafwa sinatirèl, sa fè li chache yon moun avèk menm lafwa avèk li, nan lòt mo, si li nan limyè a, lap chache yon moun ki nan limyè a tou, paske li konnen, si li chache yon moun ki viv dapre prensip lemonn, li va rekòlte yon gwo tèt chaje. Gade videyo a kote nap pale plis sou sa…
Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Seyè a, ou menm k’ap mache nan chemen li mete devan ou lan! Avèk travay ou fè ak men ou, w’ap jwenn manje pou ou manje, w’ap kontan, zafè ou ap mache byen. Sòm 128:1-2
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris