LAFWA SE AKSYON, ATITID, DETÈMINASYON PESONÈL
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Sa se pou ou menm ki la chita ak bra kwaze sèlman nan espwa ke lòt moun va fè pou ou sa ou menm dwe fè.
Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje, paske se ou menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te fè sèman m’ap bay zansèt yo a. Jozye 1:6
Pran atitid, pran desizyon, mete sou de pye ou e chache yon bagay pou ou fè. Si ou pa gen anyen, si ou pa konnen sa pou ou fè: mete gason (fanm) sou ou, pa janm dekouraje, mete sou de pye ou, nan lòt mo, pran premye atitid, bay premye pa epi Bondye ap montre ki sa pou ou fè.
Men si ou rete la ap bougonnen, nan reklamasyon, ap gade sèlman sa ki negartif la, ou pa jwenn anyen, ou kouri risk pou pèdi jiska piti ke ou genyen e nan lafen, ou kapab pèdi jiska lavi ki pap janm fini an.
Jezi mande li: -Kisa ou vle m’ fè pou ou? Avèg la reponn li: -Mèt, fè m’ wè ankò. Jezi di li: -Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an. Mak 10:51-52
Se konfyans nèg avèg la ki te geri li…
ANN GADE VIDEYO KI ANLÈ A POU OU REVEYE YON GWO LAFWA KI ANDAN OU LAN…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris