thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LAFWA SAN EMOSYON

Imagem de capa - LAFWA SAN EMOSYON

Nou ka jwenn nan Abraram vre ak sensè lafwa ki fè nou gen dispozisyon pou obeyi san nou pa poze kesyon.

Lè nou pale sou fè Bondye konfyans oswa gen lafwa nan li, majorite moun gen tandans kwè ke nou ap pale sou relijyon, sa vle di, yon kalite lafwa ki depann sou sa yo wè ak sa yo santi.

Lafwa relijye a toujou plen avèk santiman ak emosyon. Sa se yon lafwa vide, san sans kote ke moun nan ka genyen anpil konesans biblik, sepandan yo pa wè okenn rezilta nan lavi yo. Se poutèt sa, anpil moun viv kòm si desepsyone avèk Bondye, malgre yo andan yon legliz, men yo pèdi nan chemen yo.

Lafwa biblik pa gen anyen pou li wè avèk tout bagay sa yo. Si nou fè yon analiz pwofon sou pawòl Bondye a, nou ka wè ke lafwa pa gen santiman ladan li, gen kèk fwa li se yon bagay ki pa gen politès nan li. Li pa mache dapre sa yon moun wè oswa li ka santi, an reyalite, li simante esklizivman sou sa ki ekri nan pawòl Bondye a. Bon jan kalite lafwa sa a fè nou reyaji ak obeyi pawòl Bondye a san resèv, san nou pa poze kondisyon pou fè li.

Nan vre lafwa a, nou pa negosye, nou pa poze kesyon, nou pa nan espere sa ki va rive m, ditou, ditou!!! Moun ki gen bon jan lafwa sa a fè sa li dwe fè dapre sa ki ekri nan bib la epi li, nan lòt sans, li chache direksyon nan li.

Ann gade pou nou wè as Bondye di:

“Chonje Abraram, zansèt nou an, ak Sara, manman ki fè nou an! Lè m’ te rele Abraram, li pa t’ gen pitit. Mwen beni l’, mwen ba li anpil pitit”. Ezayi 51:2

Poukisa Bondye mande nou sonje Abraram? Paske nan li nou jwenn yon bon jan kalite lafwa ki atire atansyon Bondye sou nou epi se sa ki fè li plezi, lè sa a, kóm konsekans li manifeste pouvwa li nan lavi moun ki aprann aji lafwa sa a. Sa se yon bon jan kalite lafwa ki pa gen okenn emosyon oswa santiman.

Nan Abraram, nou jwenn vre lafwa ki soti nan Bondye, lafwa san li pa melanje avèk dout, lafwa sensè epi yon bon jan lafwa dispoze obeyi san li pa poze kesyon. Se sa nou ka wè depi Bondye te rele li (Jenèz 12:1-3); nou ka wè lè Bondye te mande li soti kay paran ak fanmi li yo, sètadi, li te bezwen detache ak tout kalite santiman imèn ki te ka bloke relasyon li avèk Bondye.

Si reyèlman nou vle wè Bondye aji nan lavi nou, nou bezwen detache sou tout ki entèdi nou obeyi Bondye, nan lòt mo, nou pa ka atache ak okenn moun oswa okenn bagay. Se poutèt sa, SA EGZIJE NOU FÈ SAKRIFIS.

Lè nou fè yon ti gade sou lavi Abraram, nou ka wè ke sa se yon bon jan kalite lafwa li te genyen, se sa ki te fè li vin zanmi pi pre Bondye (Ezayi 41:8)

Tout bagay sa yo revele nou jan Abraram te genyen yon relasyon pwofon avèk Bondye. Li te aprann obeyi san li pa poze kesyon, san li pa vle konnen poukisa li dwe fè sesi, sela. Li  te senpleman obeyi. Sa fè nivo konfyans nan Bondye a vini sitèlman gran ke sa fè diferans ant yon moun ki gen bon jan lafwa sa ak yon lòt ki pa genyen.

Pwen sa a montre ke Abraram demontre sa Bondye reprezante pou li atravè fason li te renmen ak kwè nan li e nan karaktè li. Li te demontre ke Lanmou ak devosyon li te genyen an te pi wo pase madam, pitit, lajan, anfen pat gen anyen ki plis enpòtan pou Abraram pase Bondye, epi pou li aji konsa li te bezwen kite a kote tout santiman ak emosyon imèn.

Abraram pat dekonfye, pat gen dout. Li te genyen andan tèt li, sa Bondye plis vle wè nan lezòm: LAFWA SINATIRÈL! Depi tout sa li te demontre pou Bondye avèk atitid li yo, Bondye pat gen yon lòt opsyon sinon deklare sa a:

« Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m’ beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t’ refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an. Mwen pwomèt pou m’ ba ou anpil pitit pitit. Y’ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y’a bat tout lènmi yo. Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m’ te mande ou fè a ». Jenèz 22:16-18

Sa a se kesyon nou dwe fè: Ki kalite lafwa m genyen? Ki nivo de konfyans ak depandans m genyen nan Bondye? Èske m pare pou obeyi Bondye nan menm nivo ke Abraram?

Antouka, si ou ka reponn kesyon sa yo avèk senserite, ou ap konprann poukisa lavi ou se konsa ak poukisa ou poko avanse!

Pa bliye sa: Kalite lavi ou genyen an se rezilta ki soti nan lafwa ou genyen!