LAFWA REZONAB x LAFWA EMOTIF
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Lafwa se pa yon emosyon, se yon fèm konviksyon sou pawòl Bondye a li ye. Malerezman, plizyè moun ap chache santiman ki soti nan yon bèl chan, yon bon prèch oswa kèlkeswa bagay ki rann emosyon andan legliz yo. Se sa ki fè, yo santi yo byen andan legliz, men lè yo soti, yo retounen nan yon lavi ki totalman diferan ak sa bib la di. Yo tris, nan depresyon, maladi, mizé, doulè, soufrans, etc. Konsa, gen kèk kretyen ki rive nan pwen gen jalouzi pou moun ki pa gen Kris la, paske yo wè lavi moun ki pa kretyen yo pi avanse pase lavi yo. Sa se pi gwo pwoblèm, paske yo kite emosyon ak santiman dirije lavi yo, nan lòt sans, yo santi byen andan legliz la, men lè lè a vini ke li dwe sèvi ak lafwa pou goumen nan mond lan, lafwa emotif la pa ase pou ou fè sa epi yo peri nan chemen an. Lafwa entelijan ki se lafwa ki fè yon moun viv endepandan de sa li santi epi li fè moun sa depann sou sa ki nan pawòl Bondye a fè nou aji, viv ak mete li an aplikasyon epi se sa ki fè Bondye fè nou gras.
Koulye a, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n’ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an. Women 5:1
Se pa tout moun ki vle lafwa Sinatirèl ak entelijan paske li egzije ou obeyi Senyè a ak tout fòs ou, menm si ou pa santi pou ou fè li, ou fè sa ou dwe fè dirije pa sa ki ekri e non pa sa ou santi:
Men, se pa tout ki asepte bon nouvèl la. Se poutèt sa Ezayi te di: Mèt, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la? Konsa, se lè ou tande mesaj la ou vin gen konfyans. Mesaj la, se pawòl Kris la y’ap anonse. Women 10:16-17
Se lè ou tande mensaj la ak obeyi li ki se aplike li nan lavi ou, ou vin gen lafwa entelijan ki ba ou rezilta pwomès Bondye a di.
Gade videyo ki anlè a afenke ou ka avanse nan sijè sa…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris