thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LAFWA REZONAB CHACHE FÈ NOU BAY. SA KI EMOSYONÈL LA CHACHE FÈ NOU SANTI.

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Lafwa Sinatirèl ki se lafwa rezonab fè moun yo aprann avèk Bondye ke prensip lafwa sa a se ou bay epi ou kwè ke ou ap resevwa. Se ou plante nan konfyans ke ou ap rekolte. Jiska Bondye te bezwen bay pou li te ka resevwa nou tout kòm pitit li, paske anvan li te gen sèl Pitit li a, Jezi.

Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pedi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an. Jan 3:16

Lafwa emosyonèl soti nan kè a, li vle santi pou l pran kèlkeswa aksyon oswa desizyon. Se pou rezon sa a, divès moun pat janm fè okenn esperyans avèk Bondye. Paske jiska moman prezan yo ap espere santi kèk bagay pou yo pran atitid.

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa soti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Efezyen 2:8

Nou pa ka rete chita ak bra kwaze ni menm si nou vle delivre tèt nou nan Senyè a. Lavi avèk Jezi se aksyon, paske lafwa san atitid pa itil anyen.

FÒ OU GEN KOURAJ POU OU GADE VIDEYO KI ANLÈ A…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo