thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LAFWA POU OU GENYEN E LAFWA POU OU PÈDI BAGAY

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Gen de bagay tre enpòtan fòk nou aprann nan mache avèk Senyè Jezi:

  1. Gen lafwa pou ou konkeri ak genyen nan lavi a
  2. Gen lafwa pou ou pèdi ak kenbe fèm ak konviksyon ke tout bagay ki nan pawòl Bondye a va reyalize e pap janm ka febli

Sepandan, nou wè moun ki anfóm ak Bondye lè tout bagay va byen, men nan moman difisil ak nan moman yo ap travèse deze a yo panike e kite doutans antre e sa fè ravaj nan lavi yo. Se poutèt sa, gen anpil enpòtans nan ou se yon moun ki gen definisyon nan desizyon ou yo avèk wi, wi ak non, non. Ann medite plis sou sa.

Men, lè w’ap pale se wi ak non pou ou genyen ase. Tou sa ou mete an plis, se nan Satan sa soti. Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: yon je pou yon je, yon dan pou yon dan. Men mwen menm, men sa m’ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou. Si yon moun vle rele ou nan tribinal pou l’ pran chemiz ou, kite palto a ba li tou. Si yon chèf vle fòse ou pote yon chaj pou li sou distans yon kilomèt, fè de kolomèt avè l’. Bay lè moun mande ou. Pa refize prete moun ki mande ou prete.

Matye 5:35-42

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo