thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LAFWA NATIRÈL X LAFWA SINATIRÈL: KIYÈS NAN YO KI SE LAFWA OU?

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Lafwa natirèl ban nou rezilta natirèl ki se yon lafwa ki pa fè nou kenbe jiska lafen. Nan lòt bò a, nou genyen lafwa Sinatirèl ki fè nou nonsèlman ale jiska lafen, men li la pou toutan, li fè nou antre nan kote Bondye Wa a. Se li ki fè nou obeyi Bondye tankou Abraram, se li menm ki soti nan Bondye lè moun nan resevwa Batèm nan Sentespri a.

Men mesaj la: Moun ki pa mache dwat devan Bondye p’ap chape. Men moun ki mache dwat yo va viv paske yo te kenbe konfyans fèm yo nan Bondye.

Abakik 2:4

Moun mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l’ vire do l’ tounen fè bak, li p’ap fè kè m’ kontan.

Ebre 10:38

Se bon jan lafwa sa ki fè nou fò, ki fè nou travèse tout tribilasyon ak kè poze, ki fè nou simonte nan moman difisil yo.

Kiyès ki nan yo se lafwa ou, vin dekouvri nan videyo ki anlè a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo