LAFWA NATIRÈL x LAFWA SINATIRÈL
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Bondye kreye lafwa NATIRÈL ak lafwa SINATIRÈL. Si ou pa konprann sa, ou va twonpe tèt ou epi ou ap panse ke youn se menm bagay ak lòt, kidonk ou pap wè okenn rezilta nan lavi ou, ou ap pran bib la kòm si se yon liv pou rakonte istwa a, sa vle di, ou va chache sèlman sa ki nomal ki nan li yo epi ou va kite sa ki estraodinè kòm si yon bagay ki te reyalize sèlman nan pase a. Sepandan, depi ou konprann ke lafwa natirèl se pou nou fè sa ki natirèl sou latè a: moute desann, travay, etidye, marye, manje, etc. ki se bagay nou bezwen yon kalite kwayans natirèl. Nan lòt bò a, lafwa ki fè sa ki estraodine tankou bib la di, ki fè Bondye fè nou gras, sa vle di, lafwa SINATIRÈL se pou resevwa sa okenn moun pa ka fè pou ou. Nou ka itilize li pou konkèk pwomès Bondye a, se konsa ou pral wè ke sa Bondye te fè nan pase li ka fè jodia. Ann kontinye nan videyo a…
Moun mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l’ vire do l’ tounen fè bak, li p’ap fè kè m’ kontan. Ebre 10:38
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris