LAFWA NATIRÈL x LAFWA SINATIRÈL
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Sa anpil moun pa konnen se ke genyen 2 kalite lafwa: natirèl ak sinatirèl. Tout moun fèt ak lafwa natirèl ki se youn ki fè ou kwè nan bagay natirèl. Pa egzanp: Antre nan yon avyon san ou pa pè si li va fonsyone byen anlè a, travay pou yon patwon e gen asirans li va peye ou nan lafen mwa a, ou plante zoranj ak konnen ou va rekonte zoranj tout bagay sa yo egzige ou kwè men nan sans natirèl, nan lòt sans, gen kèk fwa ou pat janm kanpe pou ou medite sou yo. Nan lòt bò a, nou gen lafwa sinatirèl kise yon bon jan lafwa ki fè nou konkeri bagay sinatirèl, sètadi, bagay ou pap jan posede nan yon fason natirèl. Lè sa a, sa ki fè plizyè kretyen pase fristrasyon se ke yo konn itilize lafwa natirèl pou reyisi nan domen sinatirèl. Sa enposib, sa pa fè sans.
Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa soti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pesonn pa ka vante tèt yo. Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè.
Efèz 2:8-10
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris