thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LAFWA KI GEN BON JAN KALITE BAN NOU YON LAVI ALÈZ

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Yon gwo estrateji Dyab se li sèvi ak sans imen afenke li te ka ofri fasilite epi si yo asepte sa, yo ap nonsèlman pran nan pelèn Satan kòm yo ap kite obeyi Bondye pou obeyi Satan. Se sa Dyab la eseye fè lè li prezante Senyè Jezi a tantasyon nan dezè a. Fòk nou raple ke li pat vini nenpòt moman, li vini nan moman ke lachè Jezi a te frajil anpil akòz jen li tap fè a. Lè sa a, Senyè Jezi te montre yon lafwa Sinatirèl, sa vle di, yon bon jan lafwa ki fè nou kenbe jiska lafen, ki fè nou fè fas ak riz Satan yo, yon lafwa djanm ki fè nou soti anba tantasyon li yo. Pou nou aji menm jan avèk Senyè te aji lè li te la nan lachè a, nou bezwen konsidere sa:

Paske, mwen p’ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan. 2 Korent 4:18

Apòt la anseye nou ke nou viv pa lafwa e pa atravè enfomasyon sans imen ban nou ki se bagay ki ka chanje, anplis de sa li kapab twonpe nou.

Gade videyo ki anlè a afenke ou ka resevwa plis konpreyansyon osijè sa…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo