LAFWA KI FÈ BONDYE PLEZI GEN SAKRIFIS LADAN LI
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Ann gade anseyeman apòt Pòl bay pèp ki te fin konvèti nan lavil Wòm:
Se sak fè, frè m’ yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k’ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon. Women 12:1
Pi bon esplikasyon nou ka bay sou vesè ki anlè a se sa ki ekri nan bib vesyon anglè, franse ak potigè, lè nou tradi mo pa mo, li di konsa: « Mwen egzòte nou, frè m yo, pa konpasyon Bondye a ke nou ka ofri kò nou kòm sakrifis vivan, sen e agreyab a Dye ki se yon sèvis rezonab. Lè sa a, pa konfòme avèk syèk prezan, men se pou nou transfòme tèt nou atravè renouvleman nan entelijans ou, afenke ou kapab fè esperyans avèk bon, agreyab ak pafè volonte Bondye. »
Donk, bagay la klè kou dlo kokoye: si ou vle fè esperyans avèk volonte Bondye, fò ou ofri kò ou kòm yon bagay apa pou li, ki se yon sèvis entelijan, rezonab, ki pa gen anyen pou wè avèk sa ki emosyonèl yo, pa konfòme viv e ni menm asepte prensip lemonn, yon bagay ki an jeneral, gen rapò ak nanm nan, epi kite Bondye transfòme tèt ou, nan lòt mo, chanje mantalite ou atravè Sentespri a, lè ou resevwa lide Kris la andan tèt ou, nan lòt sans, se ou aji lafwa entelijan, se ou kite sevo ou travay pou ou. Se sèl moun ki dispoze fè sa ke Bondye va devwale bon ak pafè volonte li nan lavi yo.
ANN GADE VIDEYO KI ANLÈ A POU NOU KA KONPRANN PLIS…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris