thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LAFWA ENTELIJAN PA GEN ANYEN POU WÈ AK SANTIMAN KI NAN KÈ YO

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Rezilta nan yon moun pa resevwa yon nouvo kè ki soti nan Bondye, lè yon moun kenbe vye kè a, sa vle di, lanati imen ki la avèk li depi vant manman li epi depoze li nan men Jezi, paske nou pa ka viv anmenmtan ak 2 kè andan tèt nou, se egzakteman sa Jezi te di nan vesè anba a:

Se nan kè l’ tout move lide soti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti. Matye 15:19

Lè yon moun fè lide sa yo se paske li poko depoze tout lavi l nan men Bondye, sa se rezon poukisa li viv lavi l nan chwazi mal:

Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k’ap pase nan kè lèzòm? Jeremi 17:9

 

Vin aprann ki jan pou ou resevwa yon kè dapre volonte Bondye a nan videyo ki anlè a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo