thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

KRENTIF POU BONDYE

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Krentif pou Senyè a se yon gwo respè pou Bondye e sa ki pou li yo. Se pa ou pè li nan sans ou kouri pou li, men se ou pè fè sa ki pa fè li plezi oswa ou pè li rete tris avèk ou pou kèk bagay. An jeneral, moun yo pè lanmò, maladi, kowonaviris, yo gen krentif pou patwon an, kalamite natirèl, zanimo e plizyè lòt bagay. Sepandan, yo pa pè Bondye. Sa se rezon poukisa yo pa gen bon konprann e pa reyisi nan lavi a. Ann fè yon ti pale sou sa…

Pwovèb sa yo la pou fè moun konnen sa ki rele gen sajès ak bon levasyon, pou yo konprann lè moun lespri ap pale ak yo. Pwovèb sa yo la tou pou moutre moun jan pou yo viv avèk konprann, pou yo gen bon kondit, pou yo pa fè lenjistis, pou yo mache dwat nan lavi. Y’ap louvri lespri moun ki manke konprann, y’ap bay jenn gason yo konesans ak konprann. Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen, konsa, y’a ka konprann sans tout pwovèb ak tout parabòl, sans tout pawòl k’ap soti nan bouch moun ki gen bon konprann yo ak koze tout moun pa ka konprann. Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann.

Pwovèb 1:2-7

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo