KOUNYE A - LEVE, NON!
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Lè nou gade vesè sa a, nou ka konprann ke Jakòb tande pale sou Bondye, men li pat eli Senyè a kòm Bondye pa li. Li tap viv kòm kèk moun nan jounen jodi a ke jiska kwè nan Bondye, respete li, men pa angaje avèk li, sètadi, yo pat janm fè esperyans pesonèl avèk li.
Jakòb fè yon pwomès bay Seyè a, li di: -Si Bondye toujou kanpe avèk mwen, si li voye je sou mwen nan tout vwayaj sa m’ap fè a, si li ban m’ manje pou m’ manje ak rad pou m’ met sou mwen, si l’ fè m’ tounen ak kè poze lakay papa m’, Seyè a va Bondye m’ vre. Wòch sa a mwen plante nan tè tankou bòn lan va sèvi kay pou Bondye. m’a ba ou yon dizyèm nan tout sa ou va ban mwen. Jenèz 28:20-22
Jakòb pat gen anyen materyèl, men li te genyen yon bagay ke Bondye wè l pi valab ke nenpòt bagay ki koute chè sou latè: LAPAWÒL. Lè sa a, se egzakteman sa, Jakòb te angaje devan Senyè a. Bondye pap janm bliyè yon pawòl lezom angaje. Kidonk, si li wè bon jan karaktè ak bon entansyon pou reyalize sa moun nan di a, li va louvri pòt yo pou moun sa reyalize ve li te fè a, epi konsa, Bondye va onore non li nan lavi moun sa, paske li se yon moun ki kenbe pawòl tout bon vre.
Mwen se Bondye ki te parèt devan ou lè ou te Betèl, kote ou te mete gwo wòch la apa pou mwen an. Ou chonje, lè sa a, ou te fè yon pwomès ban mwen. Koulye a, leve, kite peyi sa a. Tounen nan peyi kote ou te fèt la. Jenèz 31:13
Nan sa ki anlè a, nou ka wè ke Bondye te akonpli ak sa Jakòb te mande li, paske Jakòb te fidèl nan tout sa ke li te angaje devan Senyè a.
Ann gade plis enfòmasyon nan videyo a…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris