thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

KOTE ONKSYON OU SOTI?

Imagem de capa - KOTE ONKSYON OU SOTI?

Seyè a di Samyèl ankò: -Ou mèt koute tou sa pèp la di ou. PASKE SE PA OU MENM Y’AP VOYE JETE, SE MWEN MENM MENM Y’AP VOYE JETE. YO PA VLE M POU WA YO ANKÒ.

1 Samyèl 8:7

Samyèl pran yon TI POBAN LWIL oliv, li vide l’ sou tèt Sayil… 

1 Samyèl 10:1

Seyè a di Samyèl konsa […] Plen TI POBAN OU LAN LWIL. Leve ou ale. M’ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen CHWAZI YONN nan pitit gason l’ yo pou vin WA.

1 Samyèl 16:1

Nan tèks ki anlè yo, nou ka wè nan yon fason klè ke yo te vide lwil sou tèt Sayil la akòz ensistans epi paske pèp la fè tèt di ak rejte direksyon Bondye a.

Sepandan, nan moman yo te konsakre vide lwil sou tèt David, nou ka wè Bondye chwazi yon moun pou vini wa ki tapral byen sèvi l sou latè.

Nan lang orijinèl la, nou gen mo « krich lwil » e non « poban lwil », nan moman Samyèl konsakre Sayil Wa, sa vle di,  li pa itilize menm bagay li te itilize pou vide lwil sou tèt David. Kidonk, diferans ant youn ak lòt se ke premye a fasilman ka kraze epi sa fè nou panse nan sa ki te pase avèk Sayil. San direksyon ki soti nan Bondye, ki soti nan Sentespri a, volonte moun nan ap domine, epi konsa, yo ap kite a kote onksyon ki soti nan Bondye pou yo pran pwòp desizyon yo a afenke yo te ka satisfè volonte li yo.

Nan lòt bò a, Samyèl sèvi ak yon poban fèt an kòn ki se yon bagay resistan ak dirab, ki reprezante OTORITE Bondye sou latè a, men sa te genyen yon diferans: Bondye te fè kesyon pou prepare David anvan, preparasyon sa te preskè tout lavi l, san nou pa konte ke li te viv anpil tan nan dezè a pou l te ka « chape » anba men Sayil, nan lòt sans, li te bezwen viv nan total depandans Bondye. David te bezwen aprann kontwole emosyon li yo pa rapò ak sa Sayil tap fè l.

Èske sa se yon bagay fasil nou trete byen moun ki fè nou mal? Li evidan ke non! Ala gwo leson sa ye pou nou tout! Paske toujou nou bezwen inyore atitid gwo kantite moun ki vle fè legliz Universal mal, anpil moun ki vle fini ak moun ki te resevwa onksyon Bondye pou Delivre lòt yo epi anmenmtan moun Bondye yo dwe chak jou konbat kont pi gwo ènmi Senyè a: Dyab la, papa moun ki bay manti, lespri mansonjè!

Sayil pat gen lajwa pandan li te viv nan palè a paske li te genyen yon move lespri ki te toumante li, men Bondye te pemèt Sayil kwaze chemen David afenke li te ka prepare l pou l moute nan pouvwa epi konsa li te ka sèvi pèp la.

Nan je Bondye sa ki pi enpòtan se pa yon mou vini wa nan peyi a, men fason wa a (legliz la) mennen lavi l devan Senyè a. sa vle di, relasyon li genyen avèk li, depandans sou Senyè a ki se pi enpòtan nan je Tre Wo a.

Sa ou va chwazi pou ou a?

Lwil ki sou poban fèt an krich (ki reprezante pwòp volonte ou yo) oswa lwil ki soti nan poban fèt an kòn ( ki reprezante volonte Bondye a)?

Alèz nan palè a pandan ke chen rakbwa yo ap devore mouton Bondye yo e ou menm oswa nan dezè a kote ou ka pran swen ou menm ak tout mouton pou pa pèdi anyen?

Lwil ki tonbe nan tèt de mesye sa yo, sanble menm bagay fizikman, sepandan entansyon andan tèt yo ki te fè gwo diferans nan je Bondye!

Se pou nou pran swen sou sa ki andan kè nou e non sou aparans nou, sa vle di, sa ki deyò a!