thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

KOTE MANSONJ YO KOMANSE

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Imagem de capa - KOTE MANSONJ YO KOMANSE

Gwo apostazi n’ap wè nan jounen jodia se yon bagay bib la te dekri an detay. Si ou gen disènman espirityèl, ou va pesevwa aksyon dyabolik yo, nonsèlman nan mond lan, men prensipalman andan legliz la.

Se pa tout moun ki pesevwa sa, paske, an jeneral, moun yo gen je sèl pou gade bagay natirèl sou sa kap rive mond lan chak jou. Sèlman moun ki soti nan Bondye ak fèt yon dezyèm fwa gen je avèk vizyon sinatirèl pou disène jan Dyab la travay ak riz li yo.

 Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k’ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k’ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo. Y’ap kite yon bann moun ipokrit fè yo pèdi tèt yo ak manti. Konsyans moun sa yo fini, ou ta di yo boule ak yon fè cho.

1 Timote 4:1-2

Tèks biblik la di kretyen yo te devye nan bon jan lafwa paske yo tande anseyeman dyabolik yo, lè sa a, nou ka wè de bagay ki ka fè nou pran anpil atansyon.

Premye: « Yo pral obeyi yon bann lespri k’ap bay manti ak  yo te bay yo zorèy ». Moun tonbe nan mansonj atravè sa li tande a. Menm jan te pase nan Jaden Edenn lan kote Satan te di Èv bagay, apre li tande sa li te di a, fanm lan te louvri je pou li te ka wè ke fwi pyebwa entèdi a te bon ak agreyab pou je li.

Menm fason ke lafwa vini depi yon moun tande pawòl Bondye a, aksyon Satan nan lavi yon moun komanse depi li ba li zorèy. Lèfini, fè atansyon ak kiyès kap pale avèk ou.

Èske ou gen konviksyon ke moun kap pale avè ou lan se moun ki soti nan Sentespri a? Nou bezwen konnen sa, paske pa gen yon moun nan mitan, li se moun enstriman nan men Bondye oswa nan men Dyab la.

Dezyèm: « Yo pral swiv bann pawòl kap soti nan move lespri yo » sa vle di doktrin demon yo. Satan pa pèdi tan nan fè mechanste nan legliz la. Li sèvi ak pawòl Bondye pou defòme vre anseyeman pou twonpe moun. Li itilize moun ki gen aparans kretyen, men yo ipokrit, yo se moun ki konsyans moun sa yo fini, ou ta di yo boule ak yon fè cho.

Se poutèt sa, nou pa ka fè konfyans nan nenpòt moun yo di yo se moun Bondye ki pote yon bib nan men pou preche epi yo sèvi ak li pou defòme bon anseyeman yo. Bib la di ke nan lafen an ap vini moun kap preche « yon lòt levanjil », « yon lòt Jezi » ki pa gen anyen pou wè ak Sakre pawòl Bondye Tre Wo a.

Fo anseyeman sa yo gen fasilite ki fè chemen an vini dous, san sakrifis ak mennen moun al antre nan pòt laj la kote ke Senyè Jezi te anseye nou egzakteman okontre a. Fo anseyeman sa yo defòme vre sans sou ki sa vle di favè Bondye, kòm si li pa egzije anyen pou nou resevwa Delivrans lan. Favè Bondye a mennen nou gen yon lavi angaje avèk li. Sètadi, nou renonse ak tèt nou e depoze ak senserite tout lavi nou sou lotèl la.

Dyab la gen anvwaye ki se enstriman pou twonpe nonsèlman moun ki pa kretyen paske yo deja avèg espirityèlman, men yo travay pou devye moun ki nan lafwa e yo te tounen vini pitit Bondye yo.

Se poutèt sa, nou konnen plizyè moun ki sense, apre yo te bay moun mansoj yo zorèy, yo te vini moun ak konsyans sal ak bouche epi yo pa sansib ak vwa Sentespri a ankò. Yo pa gen zorèy pou laverite ki mete moun yo lib. Pa gen anyen ki mennen yo jiska repantans pandan yo bay Satan zorèy.

Kidonk, se pou nou veye sa nou tande, paske lavi oswa lanmò ka jwenn chemen nan yo pou antre nan lavi nou atravè sa nou tande a!