thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

KONSA N'AP VIV AK KÈ POZE

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Bondye pap janm mande nou fè yon bagay nou pa kapab, li pap janm pemèt rive nou yon bagay nou pa ka sipote. Nan ka sa a, si ou se yon moun ki wè responsabilite pou fè travay Bondye oswa si ou wè sa ou gen pou ou fè pou obeyi pawòl Bondye kòm yon fado lou epi ou pa viv ak kè poze, swa ou poko mete sou zepòl ou jouk Senyè Jezi a ki se yon bagay fasil pou n pote, swa ou poko soumèt totalman lavi ou ba li, paske jouk ak chay Jezi sou do nou an se egzakteman nou fè pou Senyè a, sa li te fè pou Bondye Papa a: LI TE SOUMÈT TÈT LI DEVAN PAPA L LA JISKA LANMÒ…

Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m’a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l’ sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n’a viv ak kè poze. Paske, jouk m’ap ban nou an fasil pou pote, chay m’ap ban nou an pa lou. Matye 11:28-30

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo