KIYÈS KI KWÈ M?
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Mezanmi, pa gen manti nan pawòl ki soti nan bouch Bondye. Li anseye nou gen wi ak non pou nou genyen ase, sa vle di ke li pa ka di yon bagay e fè yon lòt. Se sa ki fè, si yon moun mete konfyans li nan Jezi tout bon, li pa gen yon lòt rezilta ke li wè gwo kouran dlo kap bay lavi koule soti nan kè li, JAN EKRI NAN LIV LA. Antouka, si ou pa wè sa, sa vle di, ou poko resevwa oswa ou poko fè esperyans sa, m pa ka ba ou manti, se paske ou pa mete TOUT KONFYANS SOU NAN JEZI. Sètadi, manke yon bagay e sa se travay pa w la, konnen kisa ki manke ou. Ann pale plis sou sa…
Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y’ap wè gwo kouran dlo k’ap bay lavi koule soti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la. (Jezi t’ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo tapral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pa t’ ankò desann sou pesonn, paske Jezi pa t’ ankò moute nan syèl la.)
Jan 7:38-39
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris