thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

KIYÈS KI KWÈ?

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Pa vo anyen ou asepte Senyè Jezi a sèl nan bouch oswa ou ale nan yon legliz e leve men ou ale pou fè sa, si apre ou soti deyò a ou kontinye fè menm vye bagay, genyen menm vye zanmi, fè menm vye aksyon, etc. Konsa, ou sèlman anile tout sa ou te fè andan legliz. Moun yo asepte Senyè Jezi kòm sove a tout bon, lè yo asime obeyi ak mete pawòl Bondye a an aplikasyon nenpòt kote yo ye a. Afenke sa tounen yon bagay reyèl, fòk nou konprann ke Bondye sèl komanse fè sa li dwe fè a, apre nou fè pati pa nou, sa vle di ke okontrè a pa fè sans pa li, paske se nou ki bezwen li e se pa li ki bezwen nou. Ann medite sou sa afenke nou ka rejwi nan yon bèl alyans nan kominyon divin an.

Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.

Mak 16:16

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo