thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

KISA SA ITIL OU GENYEN YON KÒ SEKSI SI OU PAT RESEVWA SENTESPRI A?

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Petèt ou panse sa de ou: Mwen se tankou zosman sèch sa yo. Si ou kwè nan Bondye Vivan an fò ou mete pawòl li a an aplikasyon. Lap pale ou « koute pawòl Senyè a » e fè konsa: Ale devan miwa e deklare sa ou vle pou ou a kèlkeswa yo ye a, pale avèk konviksyon, sa vle di, pwofetize sa ou vle pou ou epi li va reyalize.

Mwen gade, mwen wè zosman yo te gen venn sou yo. Vyann t’ap pouse sou yo. Lèfini po kouvri yo tout. Men pa t’ gen souf nan yo. Ezekyèl 37:8

Men, lè ou resevwa sa ou vle a depi ou fè tankou pwofèt Ezekyèl ki atravè pawòl Bondye ki soti nan bouch li, tout zosman sèch yo resevwa yon kò, apre sa li deklare pou yo resevwa souf lavi a ki se Lespri Bondye a, yo te vini yon gwo lame pou laglwa Senyè a, se sa ki va rive ou, o Non de Jezi epi pa bliye sa:

Kisa sa ta sèvi yon moun pou l’ ta genyen lemonn antye si l’ pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l’ gen lavi? Matye 16:26

Ann aprann plis nan sa nou te pale nan videyo a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo