KI DEMAND OU AP FÈ POU BONDYE?
David te mande Bondye 4 bagay. Ann gade kisa yo ye...
Ann gade vesè sa:
O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m’. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m’ sa kenbe fèm. Pa voye m’ jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an. Sòm 51:10-11
Wa David te mande Bondye 4 bagay:
1). PA KITE OKENN MOVE LIDE NAN KÈ M: Nan yon lòt sans, li tap mande Bondye ba li yon kè nouvo ki pa genyen vanite, move entansyon, logèy, awogans, sa ki twonpe moun yo, dezi lachè yo, etc.
2). METE BON LIDE NAN TÈT MWEN: Paske lide li te fè nan okazyon sa a te ba li yon gwo tèt chaje, anplis de sa, te fè plizyè moun peye pou l te manke ak Bondye. Li te fè lide kouche ak yon fanm ki pa pou li ak touye yon moun inosan pou l fè sa. Reyèlman li te aji tankou yon moun kap peri nan mond lan.
3). PA VOYE M JETE: Li te konnen ke tout sa ki soti byen nan lavi l yo se paske prezans Bondye a te la avèk li kote li te ale, sa se rezon ke li te moute pi wo nan pouvwa, men anplis de sa, li te rekonèt ke menm si li te kontinye nan pouvwa, san prezans Bondye a, li ta ka pèdi sa ki pi presye ki pat materyèl, men espirityèl: Lavi ki pap janm fini. Nan lòt mo, tout sa li te genyen san prezans Bondye a pa itil anyen.
4). PA WETE LESPRI OU TE BAN MWEN AN: David te gen konsyans ke pi gwo richès li te genyen an pat lò, ajan, pyè ki koute chè anpil; Ni menm palè ak tè li te konkeri yo oswa gwo lame ki mache ansanm avèk li. Li te konnen ke pi gwo richès li an se te Lespri Bondye a ki te vini sou li nan moman Pwofèt Samyèl te wen li. Si li te pèdi Sentespri a, li pat pliske yon mandyan espirityèl ki tapral viv nan yon gwo palè kote yo te rele li wa, sa vle di, avèk yon pozisyon devan lezòm, men li pat anyen nan je Bondye.
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris