thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

KÈ MANSONJÈ

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Lè nou pale sou kè a, nou vle pale sou sous santiman nou yo ki se nanm nou an. Tandiske yon moun pa konvèti oswa pa gen yon Rankont ak Bondye, moun sa a gen tandans pou tout bagay ki gen rapò ak lachè. Sa se rezon poukisa kè twonpe moun plis pase kèlkeswa bagay:

Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k’ap pase nan kè lèzòm? Jeremi 17:9

Konsa, fòk nou depoze vye kè sa ak vye lanati imen sa nan men Bondye, sa se sèl kondisyon pou l ba ou yon kè nèf ki dapre volonte li:

M’ap mete lòt santiman nan kè nou. M’ap mete lòt lide nan tèt nou. M’ap wete tèt di nou an, m’ap fè nou tande lè m’ pale nou. M’ap mete Lespri m’ nan nou, konsa m’ap fè nou mache dwat dapre lòd mwen ban nou, pou nou fè tou sa mwen mande nou fè. N’a kenbe prensip mwen yo. Ezekyèl 36:26-27

Menm si yon moun nan lavi erè, men si nan fòn kè li, li gen yon fò dezi pou chanje ak fè yon esperyans ak Bondye, lap ba ou yon chans:

Seyè a ap veye tou sa k’ap pase sou latè. Li pa kite anyen chape pou l’ ka bay moun ki mete tout konfyans yo nan li fòs ak kouraj. Men fwa sa a, ou resi pèdi tèt ou. Ou aji tankou moun fou. Se poutèt sa moun pral fè ou lagè san rete. 2 Istwa 16:9

Ann antre nan videyo ki anlè a pou bagay la vin pi klè…

 

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo