thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

KÈ KOWONPI

Yon avètisman pou moun ki santi yon fo lajwa...

Imagem de capa - KÈ KOWONPI

Li bon anpil nou veye sou kontantman ki soti lè ou wè mevèy, mirak ak plizyè moun kap mache nan legliz ki se yon bagay ki fè kè dirijan legliz la kontan. Sa fè nou sonje sa Sentepri a te di disip Jezi yo, lè yo retounen ak kè yo kontan akòz sa yo te fè nan non Jezi:

Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n’ kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la. Lik 10:20

Si gen yon bagay pou nou sote ak kè nou kontan se paske Jezi te lave nou e li garanti delivrans pou nou tout ki mete tout konfyans nan li. Sa ki pi enteresan se ke li di « non nou ekri » Jezi ni menm di non moun sa yo, paske li te vle mete aksan nan lajwa pou ou gen non ekri nan syèl la.

Anfen, si nou resevwa delivrans, kisa nou pi renmen fè nan lavi a? Li evidan, se fè lòt moun resevwa menm lajwa sa, lajwa pou yo ekri non yo nan syèl la atravè yon nouvo kè, yon nouvèl lavi nan Senyè a.