thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

KÈ KI SOUMÈT DEVAN BONDYE x KÈ KI SOUMÈT DEVAN SATAN

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Premyeman, fò ou konnen  ke si ou vle rejwi pwomès ki nan pawòl Bondye a, fò ou gen yon kè dispoze nan aplike pawòl Bondye nan lavi ou.

Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m’ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m’ap viv. Pwovèb 23:26

Pou ou gen yon kè konsa, fò ou resevwa yon kè nouvo Senyè ka ba ou si ou depoze vye kè ou nan men li, paske vye kè sa a ki mele lafwa entelijan avèk santiman epi ou pa jwenn okenn rezilta nan lavi ou.

 Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k’ap pase nan kè lèzòm? Jeremi 17:9

Se nan vye kè sa ki soti tout kalite move santiman ki fè nou rete lwen Bondye.

Se nan kè l’ tout move lide soti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti. Matye 15:19

Nou pa ka kontwole kè imen an, sèl fason pou ou kapab fè sa, se ou aji lafwa ou avèk entelijans e pa mele li nan sa ki sotinan kè a. Se lè ou soumèt li a volonte Bondye a ke ou kapab resevwa yon nouvo kè ki ka fè Bondye plezi.

ANN GADE VIDEYO KI ANLÈ A POU NOU ANTRE FON NAN SIJÈ SA…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo