KARAKTÈ BONDYE A
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Nan tan lontan, yo te gen anpil konsiderasyon pou pawòl la, paske li gen anpil pouvwa. Malgre nou wè moun pa pran yo oserye tankou nan tan lontan, li pa pèdi pouvwa li, men nan jounen jodia nou wè sèlman moun ki te gen nouvo nesans aji menm jan ke yo te aji nan tan lontan. Se sa ki fè nou ka diferansye yon moun ki genyen bon jan karaktè Bondye pou yon lòt ki pa aji konsa. Ann gade sa:
Tande Izarak tande sa, li sezi, li pran tranble kou fèy bwa. Li di: -Kilès sa ki te pote ban m’ manje jibye li sot chase a? Mwen fèk fin manje anvan ou rive la a. Mwen ba li benediksyon m’ lan ki pou li nèt. Jenèz 27:33
Apre Izarak te wè ke Jakòb te twonpe li, si li te vle li tap kapab refè tout bagay ak bay benediksyon pou pitit ki pi gran an, men paske li te genyen bon jan karaktè Bondye a li pat fè sa. Poukisa, paske moun ki soti nan Bondye pa chanje mo, pa mache de bò, yo pa gen de pawòl nan bouch yo.
Ann gade plis sou sa nan videyo a…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris