thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

KALITE PELÈN KI RELE "MANKE EKILIB NAN LAFWA"

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Nou bezwen soumèt nou devan Bondye paske li konnen tout bagay. Kidonk, lè nou lage nan men tout tèt chaje nou yo, nap montre avèk atitid nou mete tout konfyans ke li pran swen nou. Se pou nou gen ekilib nan tout bagay nan lavi nou espesyalman nan lafwa pou nou pa tounen fanatik relijyon ki se moun ki fè bagay san yo pa panse anyen. Se pou nou toujou kenbe tèt nou anplas, atantif paske Dyab pa nan dòmi, li  pa nan jwet, lap veye nou afenke li ka jwenn yon okazyon pou pran nou nan pèlen. Ann gade videyo sa ki pale plis sou sa…

Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lè pou l’ leve nou an. Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l’ap pran swen nou. Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k’ap chache moun pou l’ devore. 1 Pyè 5:6-8

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo