thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

KACHE DEYÈ TOUT BAGAY KI OFRI BA OU FASILITE YO GEN YON PELÈN SATAN

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Kache deyè tout pyèj Satan gen bagay fasil oswa kache deyè tout bagay ki fasil yo gen yon pelèn Satan, nan lòt mo. Poukisa? Paske Dyab la konnen jan lezòm gen dezi pou bagay fasil, pa egzanp: Yo vle touche kòb san yo pa bezwen fè anyen, yo swete vin rich soti nan yon jou pou lòt jou, yo vle kouche yon fanm (gason) san yo pa bezwen marye, yo vle siksè rive pandan li chita nan pòt kay la avèk telefòn nan men li ap jwe nan entenèt oswa nan whatsapp, yo vle Bondye fè tout bagay kòm si olye nou sèvi l, se nou menm ki la pou l sèvi nou. Sa vle di, Dyab la konnen feblès sa epi li pwofite tout bagay sa yo afenke lezòm ka wè fasilite li ofri yo epi li pa kite yo fè atansyon ak pyèj ki ladan l yo. Ann pale plis sou sa nan videyo…

Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k’ap chache moun pou l’ devore. 1 Pyè 5:8

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo