thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

JOU LAPANNKÒT LA, PWOMÈS BONDYE A

Sa se jou kote Bondye vide Sentespri a sou premye kretyen yo, kidonk nan jou sa te komanse Legliz Senyè a

Imagem de capa - JOU LAPANNKÒT LA, PWOMÈS BONDYE A

Dapre pawòl Bondye a, nan chapit 2 nan liv Travay la, Sentespri a te desann sou premye kretyen yo kote jou sa te remake komansman legliz Senyè a:

 Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n’a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n’a sèvi m’ temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè. (Travay 1:8)

Disip Senyè Jezi yo te mete tèt ansanm nan lavil Jerizalèm, ki se yon lòd Senyè te bay yo, pandan yo tap espere pwomès la, lè sa a, toudenkou, yo te tande yon bri kòm yon gwo vann kap soufle epi li plen tou kay kote yo te ye a. Konsa, yo wè yon bann lang parèt tankou ti flanm dife ki separe yonn ak lòt epi ki al poze grenn pa grenn sou tèt yo chak. Lè sa a, te gen yon bann jwif ki t’ap pase kèk jou lavil Jerizalèm, lè yo tande bri a, yon kantite ladan yo sanble. Yo tout te sezi anpil paske yo t’ap tande moun yo pale nan lang peyi yo chak.

Batèm nan Sentespri a vle di pouvwa, fòs kouraj, odas pou moun ki te resevwa l viv jan Bondye vle l la. Nou wè anpil moun fè yon gwo efò pou yo kenbe lavi yo nan prensip pawòl Bondye a, men sa yo fè a se pou gremesi.

An reyalite, si avèk prezans Sentespri a se yon bagay ki pa fasil pou nou genyen batay kont tantasyon yo ak kenbe fidèl avèk li, imajine san resevwa Batèm nan. Se pou rezon sa, gwo efò moun ki pat resevwa li se pou gremesi. Gen anpil moun ki kouri pou pwoblèm ak tantasyon yo plis paske yo gen laperèz pou yo tonbe nan sa ki mal pase pou obeyisans ak pawòl Bondye a.

Donk, si gen laperèz ladan li, sa vle di ke moun sa bezwen resevwa pouvwa Bondye a konfòmeman ak pwomès Senyè Jezi a te fè:

Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n’a resevwa yon pouvwa… (Travay 1:8)

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo