thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

JÈN DE DANIEL SE PA POU TOUT MOUN

Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...

 Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye. Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m’ ava ale pou m’ adore Bondye lakay li? » Lajounen kou lannwit m’ap kriye. Se dlo ki soti nan je m’ ki sèvi m’ manje. Se tout tan moun ap mande m’: – Kote Bondye ou la? Kè m’ ap fann lè m’ chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t’ap di Bondye mèsi. »
Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: – Poukisa m’ kagou konsa? Poukisa m’ap plede plenn konsa nan kè m’? M’ap met espwa m’ nan Bondye, paske mwen gen pou m’ fè lwanj li ankò. Se li k’ap delivre m’, se li ki Bondye mwen. Wi, mwen kagou. Se poutèt sa, kote m’ ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza, tout tan lide m’ sou ou. »  SÒM 42:1-7

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo