thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

JE DINA PITIT FI JAKÒB YO

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Nan tan lontan, moun chwazi pa Bondye yo te konn viv nan tant deyò lavil yo ansanm ak tout fanmi li yo. An jeneral, paske nan tout gwo sant ki te plen ak moun te genyen tout sa ou ka panse ki mal ladan yo, yon bagay ki pa diferan nou ka wè nan jounen jodia. Yon jou, akòz kiryozite ki se yon bagay pouse pa emosyon, pouse pa sa je fizik nou yo wè ki pa konsekans kreye lanbisyon andan tèt moun nan, pitit fi Leya madanm Izrayèl te deside soti poukont ak pou pwòp desizyon li nan mwayen li te viv an sekirite pou al nan sant lavil ki tou pre kote yo moute tant yo:

Dena, pitit fi Leya te fè pou Jakòb la, te soti al rann medam peyi a vizit. Jenèz 34:1

Lè sa a, lwen de pwoteksyon papa te ba li la, yo te imilye li nan fason sa:

 Lè sa a, Sichèm, pitit Amò, moun Evi a, te chèf nan kanton an. Lè li wè Dena, li mete men sou li, li fè kadejak sou li. Jenèz 34:2

Akòz yon ti kiryozite li te fè pou li gade kijan medam ki pat gen anyen pou wè avèk lafwa Izrayèl la, akòz yon vanite li devlope andan tèt li, anplis de li soufri imilyasyon sa a, li kreye yon okazyon pou dyab la mennen tout gason lavil sa yo ale nan lanfè, se sèl dyab la ki soti byen nan yon bagay ki te sanble « pitit » men ki te fè anpil dega:

Twa jou apre, mesye yo t’ap soufri ak sikonsizyon an toujou lè de nan pitit gason Jakòb yo, Simeyon ak Levi, frè menm manman ak Dena yo, pran nepe yo, yo antre nan lavil la san pesonn pa sispèk anyen, yo touye tout gason yo. Jenèz 34:25

Se sa nou ka wè nan lavil anpil kretyen ki pa okipe kèk « ti bagay » kòm si yo pa gen anpil enpòtans, men lè yo rann yo kont, sa yo deja fè yon dezas nan lavi espirityèl yo.

Ann gade videyo ki anlè a pou nou aprann plis sou grandè ki nan pawòl sa a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo