thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

Inite nan fanmi BonDye a nan lapriyè Jezikris la

Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...

« 1 Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l’ anlè nan syèl la, li di: O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou. 2 Ou te ba l’ otorite sou tout moun pou l’ te kapab bay tout moun ou ba li yo lavi ki p’ap janm fini an. 3 Lavi ki p’ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri. 4 Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m’ fè. 5 Koulye a, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m’ te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay. 6 Moun ou te mete apa nan lemonn pou mwen yo, mwen fè yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye. Se ou menm ki te ban mwen yo. Epi yo kenbe pawòl ou. 7 Koulye a, yo konnen tou sa ou ban mwen se nan men ou yo soti. 8 Paske mwen ba yo pawòl ou te ban mwen an. Yo resevwa li. Yo rekonèt mwen soti tout bon bò kote ou, yo kwè se ou ki voye m’ vre. 9 M’ap lapriyè pou yo. Mwen p’ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye. 10 Tou sa m’ genyen se pou ou, tou sa ou genyen se pou mwen. Pouvwa mwen parèt aklè nan yo. » (Jan 17:1-10) 

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo