INIK ZAM KI KA ANILE FÒS DYAB LA
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Se pa tout kalite lafwa ki ka netralize dyab la. Bon jan Lafwa ki kapab anile tout sa ki soti nan dyab la se lafwa entelijan, rezonab, sa vle di, lafwa ki fè ou itilize entelijans sou pou mete pawòl Bondye a an anplikasyon.
Lè sa a, Satan pwoche bò kote l’ pou sonde l’. Li di l’ konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa yo lòd pou yo tounen pen. Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou. Apre sa, grandyab la mennen l’ lavil Jerizalèm. Li mete l’ kanpe sou pwent fetay tanp lan. Li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. y’a pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch. Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou. Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l’ tout peyi ki sou latè ansanm ak tout riches yo. Li di l’ konsa: M’ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m’ pou ou adore m’. Jezi reponn li: Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi. Matye 4:3-10
Se bon jan lafwa entelijan sa, Senyè Jezi te itilize pou l fè Grandyab la pèdi batay. Li pa itilize emosyon, mizik, santiman. Li sèvi ak sa ki ekri nan bib la. Nan lòt mo, se nan aplikasyon ak sa ki ekri a ki te fè li genyen batay sa. Fòk nou fè tout bagay pou genyen yon bon jan lafwa sinatirèl sa epi si ou deja genyen, fò ou defann li ak tout fòs kè ou pou ou pa pèdi li. Li se sèl bagay ki fè dyab ak demon li yo pè, lè yon moun konprann lafwa sinatirèl ak ki jan li kapab aplike li nan lavi li.
Gade videyo ki anlè a pou ou ka konprann sa nan yon fason ki klè…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris