thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

GWO KONTANTMAN DAVID LA

Li te fè kè kontan anpil ke li pa okipe danse devan moun ki pi piti li yo...

Imagem de capa - GWO KONTANTMAN DAVID LA

Nan denye meditasyon ke nou fè nan pawòl Bondye a, Vandredi ki sot pase la a (videyo dispoze nan platfòm univervideo.com), nou te obsève lajwa nan kè Wa David la, lè li te fè antre Bwat Kontra nan lavil Jerizalèm lan. Se pa ti kontan li te kontan ke li pat okipe danse devan moun wayòm yo, sa fè madanm li Mikal santi li wont pou sa li te fè a. Sa ki te pase avèk li, nap pale nan yon lòt pòs…

An reyalite, David te toujou vle sèvi Bondye tout bon. M ka fè yon ti imajinasyon kote ke m panse David te konn tande istwa peyi Izrayèl yo, sou tabenak la e jan moun levitik yo te konn travay andan li lajounen kou lannwit. Sepandan, paske li pat desandan moun levitik yo, li te gendwa sèlman reve ak privilèk klas moun sa yo te genyen pou yo te ka viv toujou ap sèvi Bondye.

Sa li pat konnen alèpok sa a se ke Bondye konnen tout sa ki pase nan kè moun yo epi lè Bondye te sonde kè David la, li te wè entansyon pou onore Senyè a tankou yon moun levitik, malgre li pat fèt levitik. Tandiske moun levitik yo pat fè anyen nan tan sa a pou nomalize travay nan tabenak la, sa te premye bagay li te fè lè li moute nan pouvwa antake Wa a. Lè li te fin rive Wa a, li te konkeri lavil Jerizalèm lan afenke li te ka pote Bwat Kontra pou mete l nan plas ki pou li a.

David te ba yo lòd pou bati Tabenak la devan palè li a, nonsèlman pou li te ka apresye sa chak jou, men pou l te ka pi pre li ak santi kòm si li fè pati nan travay sa a. Se sa li te deklare nan Sòm 84:

Pou chèf sanba yo. Se sou lè yon chante yo chante lè y’ap kraze rezen. Se yon sòm pitit Kore yo. (84:2) Ala bèl kay ou a bèl, Seyè ki gen tout pouvwa! Jan mwen anvi wè kay Seyè a sa! M’ap deperi sitèlman m’ anvi al lakay Seyè a. M’ap chante, m’ap fè fèt pou Bondye vivan an. Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen! Ala bon sa bon pou moun k’ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou. Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an! Lè y’ap pase nan mitan Fon Sèk la, yo fè l’ tounen yon kote ki plen sous dlo. Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl. Plis y’ap mache, se plis y’ap gen fòs. Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an. Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, koute lapriyè mwen. Bondye Jakòb la, panche zòrèy ou pou tande m’. Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou, voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an! Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m’ ta rete anndan kay mechan yo. Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k’ap pwoteje nou. L’ap ban nou favè li, l’ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p’ap janm refize l’ okenn bon bagay. Bondye ki gen tout pouvwa, ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou!

Dezi ki nan kè David la se te sèvi Bondye, se pou rezon sa a, Senyè a te chwazi li kòm Wa nan peyi a. Menm jan an tou, se pou rezon sa a, ke ni menm pwofèt, ni moun levitik yo, ni prèt te gen enspirasyon pou bati yon bèl KAY pou SENYÈ a, se David ki te fè lide sa.

Premye karakteristik andan tèt yon moun ki gen bon kè dapre jan Bondye vle l se sa: Volonte pou sèvi l toulejou nan lavi yo. Sa se yon karakteristik totalman espirityèl kote sèlman Bondye ka wè epi li chwazi moun sa pou l resevwa Lespri Bondye a.

Sa se rezon poukisa anpil moun pa resevwa Batèm nan Sentespri a. Yo vle resevwa l poukisa? Li vini sou lavi nou pou nou ka sèvi li kòm moun levitik nan prezans li.