thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

GWO ANSEYEMAN JEZI SOU LADIM

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Nan liv Matye nou ka wè yon gwo leson Senyè Jezi te bay pou moun ki te plis konnen sou lalwa Bondye a, moun ki te dwe bay bon egzanp pou pèp la, men olye sa, yo te aji kòm bann ipokrit epi se pa diferan nou ka wè nan jounen jodia kote moun ki gen renmen pou lajan oswa moun materyalis chache eskize pou yo pa onore Bondye fidèlman nan tout bagay. Piga ou sezi si ou wè yo jiska itilize kèk vesè nan bib la pou jistifye sa yo vle konvèk moun ki san konpreyansyon. Bondye pa bezwen lajan oswa bagay materyèl, men li te chwazi ladim ak ofrann yo pou lezòm demontre an pratik kiyès yo konsidere premye nan lavi yo, kiyès ki okipe plas ki pi wo nan  lavi yo. Se nan moman sa a, lespri ipokrizi manifeste nan plizyè kretyen.  Ann pwofondi nan etid sa…

Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n’ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n’ te fè san nou pa neglije lòt bagay yo.

Matye 23:23

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo