thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

GEN OPÒTINITE ANKÒ POU YON MOUN KI REPANTI

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Malgre David te gen yon bon kè epi li te resevwa Lespri Bondye a, sa yo pa anpeche li te fè yon ti enklinasyon pou sa ki mal, yon bagay ki te ba li konsekans terib, bagay peyi Izrayèl la peye jiska nan jounen jodia.

Men sa ki enteresan an se ke David te anvi chanjman, li te santi tristès Sentespri pwovoke nan yon mou, lè yli tonbe nan peche, pou mennen yo jiska repantans. Si Bondye ka jwenn yon gwo dezi pou moun nan kite abandone sa yo fè ki mal, li va kreye yon mwayen pou l jwenn repantans lan.

Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo. O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m’. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m’ sa kenbe fèm. Pa voye m’ jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an. Sòm 51:9-11

Sepandan, pou yon moun jwenn repantans tankou David, li bezwen bese byen ba na pye Jezi, li bezwen rekonèt sa li fè ki mal epi sa ki pi enpòtan an se li konsidere prezans ak Lespri Bondye pi wo nan lavi li. David te gen yon ti echantiwon nan ki sa sa vle di pou yon moun viv sans prezans Bondye a, sa se rezon poukisa li te sipliye Bondye nan sa li te di nan vesè sa a.

Gade videyo ki anlè a pou ou resevwa limyè nan tèt ou sou sijè sa a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo