thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

GEN JALOUZI POU MOUN KI MECHAN YO

Imagem de capa - GEN JALOUZI POU MOUN KI MECHAN YO

Si ou te gade videyo kote nou pale sou Mat e Mari, nan li ou te wè nou pale sou moun ki glise tonbe nan chemen an paske yo fikse je yo nan lavi lòt moun yo. Azaf ki te yon òm de Dye te fin konfèse li te preske tonbe paske li kite fikse je l sou Bondye pou li wè lavi moun ki mechan yo.

Li rive nan pwen konsidere konfyans li te genyen nan Bondye kòm si pat anyen, sa te pase li paske li te anvye jan moun ki mechan yo te sanble viv alèz. Jan nou ka wè nan vesè ki anba a, li te preske pèdi tout bagay ak Bondye:

Men, pye m’ glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe, paske mwen te anvye sò moun k’ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz. Sòm 73:2-3

Pa kite dyab la konvèk ou ke aparans mond lan ka ofri ba ou plis pase sa Senyè ak Sove nou an te ban nou nan mond sa ki se viv ak kè nou poze, malgre tout tribilasyon ki antoure nou, e nan lafen, nou ap viv ansanm avèk li pou toutan.

Jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m’ wè jan mechan yo gen pou yo fini. Sòm 73:17

Se nan moman sa a, li pa pemèt emosyon kondi lavi li ankò, li te reprann bon sans Bondye te bay l la epi li te rann li kont ke tout panse sa yo te pase nan tèt li, paske li pa nan kay Bondye, m pa pale sou kay fizik, men dèske nou viv nan lespri chak jou, se kòm si nou viv nan sanktyè Senyè a. Si nou andan li, nou ap konsève lavi nou pou toutan, si nou deyò li, dyab la ka jwenn kondisyon pou mete dout pa rapò ak lavi nou mennen ak Bondye epi li ka fè nou glise tonbe, malgre ou se yon moun kap sèvi Bondye.

Veye toujou pou dyab la pa jwenn okazyon pou li fè ou vire do bay Bondye akòz bagay ke yon jou ap fini paske yo pa la pou lontan. Se poutèt sa, fò ou gen lavi ou an Sentete, ak krentif pou Senyè a, nan obeyisans e plen ak Sentespri a.