thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

FÈ PECHE KONT SENTESPRI A...

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Petèt ou menm kap gade mensaj sa se yon moun ki te fè anpil bagay ki sal, bagay ki mal, mechanste, te gen yon lavil imoral, ou plonje nan peche, nan lòt sans, ou malad espirityèlman, epi ou poze m yon kesyon konsa: Èske mwen gen kèk chans avèk Bondye? Repons lan se wi! Gade vesè sa:

Jezi tande sa, li di yo konsa: -Lè yon moun an sante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Enben, mwen pa vin rele moun k’ap mache dwat devan Bondye yo, men moun k’ap fè sa ki mal yo. Mak 2:17

Donk, gen kèk moun ki di konsa, « men, mwen fè peche kont Sentespri a »… ban di ou yon ti bagay: m garanti ou, ou pap fè peche kont Sentespri a, paske menm si ou fè bagay lèd, ou la paske ou ap chache yon mwayen pou ou soti nan eta sa a. Moun ki fè peche grav kont Sentespri a se moun ki pa gen okenn dezi, ni menm yon ti dezi pou Bondye. Lèfini, Bondye pare pou ba ou chans sa a, se sèlman ou fè sa:

Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m’ap frape. Si yon moun tande vwa m ‘, si l’ louvri pòt la ban mwen, m’a antre lakay li, m’a manje ansanm avè l ‘, la manje ansanm avèk mwen. Apokalips 3:20

PA PASE SAN OU PA GADE VIDEYO KI ANLÈ A POU OU APRANN PLIS…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo