thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

FASON MOUN KI NAN LEMONN GEN LESPRI YO BOUCHE

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Konesans pa vle di Delivrans. Li pa ase ou konnen tout bagay ki nan pawòl Bondye a si ou pa mete l an aplikasyon. San ou pa fè sa, ou ap gen lespri ou bouche, sètadi, ou mèt gen konesans, men ou pa fè okenn esperyans avèk Senyè a. Kidonk, pa konsekans, ou pap konprann, ni menm yon ti bagay senp nan pawòl la. Se poutèt sa, fòk nou imiliye tèt nou devan Bondye ak rekonèt vre kondisyon nou an, retire tout sa ki pran plas Bondye nan lavi nou, sa vle di, mete li anlè, anvan tout bagay. Se sa ki fè, Bondye bay limyè nan tèt nou epi menm san ou pa gen anpil konesans ou ap vini yon sèvitè l avèk bon konprann sou tout bagay. Ann fè yon ti chita pale sou sa…

Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye. 2 Korent 4:4

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo