FASILITE KAP BA OU YON GWO TÈT CHAJE
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Lè nou bezwen soti nan sitiyasyon ki ban nou yon gwo tèt chaje epi nou tounen vini nan pye Bondye afenke nou ka jwenn solisyon, li pap janm fasilite bagay la pou nou. Se egzakteman okontre, li ofri ban nou kondisyon pou nou goumen jiska nou soti nan sitiyasyon sa e nan lafen nou fè li yon bèl esperyans epi nou vin pi fò. Nan lòt bò a, si nan moman difisil, yo vini ofri ba ou fasilite pou ou resoud pwoblèm ou yo rapid, se pou ou dekonfye sou tout bagay sa yo, paske an jeneral, yo fasilite ou nan jounen jodia epi si se nan jou sa yo oswa aprè yo ap ba ou yon gwo tèt chaje ki va kite ou nan yon sitiyasyon pi rèd pase sa ou tap pase a. Se sa grandyab la de vle fè avèk Senyè Jezi a, se sa nou pral medite nan jounen jodi a.
« Apre sa, Lespri Bondye pouse Jezi ale nan dezè a pou Satan te ka tante l’. Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou. Lè sa a, Satan pwoche bò kote l’ pou sonde l’. Li di l’ konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa yo lòd pou yo tounen pen. »
Matye 4:1-3
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris