thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

ÈSKE YON MOUN KA TWONPE BONDYE?

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Si gen yon sijè nan pawòl Bondye a ki bay anpil polemik, youn nan yo se lè nou pale sou ladim ak ofrann. Men sa plizyè moun pa konnen se ke yo se pa yon èd ou bay nan legliz la. Yo se plis pase ou ede travay Bondye avanse. Sa ki lakòz tout polemik sa yo pami kretyen se paske yo panse Bondye pa bezwen lajan. E vre, li pa bezwen menm! Sepandan, lè li anseye nou sou kèsyon ofrann ak ladim, li ap ban nou leson sou ofri ba li sa ki pi bon, sa ki premye. Lè sa a, atitid ofri sa ki pi bon ak sa ki premye montre konsiderasyon nou genyen pou li epi se konsiderasyon sa ki atire benediksyon li sou lavi nou. Ann antre pi fon nan koze sa…

Mwen menm m’ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men, se twonpe n’ap twonpe m’. N’ap mande ki jan n’ap twonpe m’ lan. M’ap reponn nou: Nan keksyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri m’ yo. Gen yon madichon ki gen pou tonbe sou nou tout, paske tout moun nan peyi a ap twonpe m’.

Malachi 3:8-9

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo