ÈSKE SA POSIB GEN LAJWA NAN MARYAJ SAN YO PA MACHE YOUN ANNAKÒ AVÈK LÒT LA?
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Si nou vle viv lapè nan maryaj la oswa si ou se yon moun selibatè epi ou vle bati yon fanmi ak kè poze oubyen si nou vle byen mennen nenpòt relasyon nan lavi nou, se pou nou aprann enpòtans genyen nan nou resevwa Sentespri a ak chache yon moun ki genyen li tou. Paske si se konsa, se Li menm ki va kondi toulede dapre volonte li yo nan yon sèl direksyon, sa vle di, kòm si yo ap fè yon voyaje, men yo antann yo anvan. Sa se sekrè deyè 50 an maryaj map fè nan lafen ane a. Se sa m ta renmen anseye nou pou nou viv ak kè poze nan tout kalite relasyon. Vin gade meditasyon sa pou m ban nou plis detay.
« Ou janm wè de moun pati ansanm al nan vwayaj san yo pa t’ antann yo anvan? »
Amòs 3:3
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris