ÈSKE OU VLE: YON BENEDISYON OSWA TOUNEN PWÒP BENEDIKSYON?
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Yon bagay se moun resevwa benediksyon, sa pa vle di ke yo tounen pwòp benediksyon tankou Abraram. Li te vini pwòp benediksyon akòz direksyon Lespri Bondye ki sou li atravè obeyisans pawòl li a.
M’ap ba ou anpil pitit pitit. Y’a tounen yon gwo nasyon. m’a beni ou. Y’a nonmen non ou toupatou; w’a sèvi yon benediksyon pou tout moun. M’ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m’ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon. Jenèz 12:2-3
Nan sa ki te pase avèk 10 moun ki te gen maladi lalèp, yo tout te resevwa gerizon, nan lòt mo, yo tout resevwa benediksyon, sepandan, sèl youn ki te retounen nan pye Jezi pou remesye li epi sèl li menm ki te tande Jezi di ke lafwa li te delivre li. Li te resevwa plis pase benediksyon, li te resevwa Delivrans ki te fè li pwòp benediksyon.
Ann gade videyo ki va fè ou konprann sijè a nan yon fason pi klè…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris