thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

ÈSKE OU KONNEN KIYÈS MOUN YO KA KONTE SOU YO?

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Imagem de capa - ÈSKE OU KONNEN KIYÈS MOUN YO KA KONTE SOU YO?

Èske ou konnen kiyès…?

Men, w’a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p’ap kite lajan pran nanm yo. W’a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.

Egzòd 18:21

Tout bon jan kalite sa yo gen gwo enpòtans epi yo fè pati nan karaktè moun ki vle sèvi Bondye. Sepandan espresyon « moun yo ka konte sou yo » fè nou reflechi sou reyèl siyifikasyon li.

Moun yo ka konte sou yo se moun ki kenbe pawòl, li mennen yon lavi dwat nan konpòtman li yo; yo pa refize pran responsabilite li yo, okontrè a, yo asime yo nan fason fèm ak dedikasyon.

Moun yo ka konte sou yo onore maryaj li, li se moun sensè, li pa mache de bò, sa se rezon poukisa yo ka

wè li yon moun konfyab. Li gen defo tankou nenpòt moun, men li pa kouri pou asime sa li te fè ki mal, ni menm pran lòt moun kòm responsab pou fòt li yo; li se yon moun imilite pou tande epi anplis de sa pou aprann.

Se pou Bondye beni tout sevitè li yo ki nan lemonn antye.