thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

ÈSKE LAFWA OU SE RESEVWA ANPIL OSWA RESEVWA TOUT…?

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Ezaou pat eritye benediksyon Bondye lage nan men Abraram ki te pase pou Izarak epi rive Jakòb. Sepandan, tout bagay materyèl ki soti nan Izarak rete avèk Ezaou epi Jakòb pat resevw anyen. Sepandan, nan rankont sa, nou wè Ezaou ki te di li te genyen tout sa li bezwen, nan lòt mo, li kenbe yon moun vizyèl, yon moun ki okipe sèl sou bagay materyèl kòm si tout sa li te bezwen se sa. Tandiske Jakòb te ofri yon pakèt bagay kòm kado, sètadi, li louvri men de bagay materyèl paske li te rekonèt ke nan goumen avèk Zanj lan, li te resevwa tout e depi jou sa pat manke anyen, paske li te resevwa totalite Bondye ki te fè li kite Jakòb epi li te vini Izrayèl.

Ezaou di l’: -Frè mwen, mwen gen tout sa m’ bezwen. Ou mèt kenbe tou sa ou genyen pou ou. Jakòb reponn li: -Non. Si ou kontan wè m’ tout bon, tanpri, asepte kado m’ap ba ou yo. Paske, lè mwen kontre ou, se tankou si m’ te wè figi Bondye. Gade jan ou resevwa m’ byen. Tanpri, asepte kado m’ap ba ou yo, paske Bondye te beni m’ anpil. Mwen pa manke anyen. Jakòb fòse Ezaou sitèlman, bout pou bout, Ezaou asepte. Jenèz 33:9-11

Ezaou te genyen tout bagay materyèl li te bezwen, nan lòt bò a, Jakòb te resevwa tout bagay espirityèl moun nan bezwen pou viv ak kè poze avèk Bondye epi avèk tout moun. Kiyès nan yo reprezante ou?

Ann gade sa nan videyo a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo