thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

ESANS YON MOUN KRETYEN

Imagem de capa - ESANS YON MOUN KRETYEN

Tout epòk yo chanje, sepandan nou pa ka pèdi esans vre kretyen Bondye te ban nou.

Nan tan lontan, depi yon moun vin konvèti, sa te kòm si li pèdi tout bagay. Nan lòt sans, asime lafwa nan Senyè Jezi, imedyatman atire sou ou pèsekisyon, imilyasyon, moun ki joure nou, pèdi pwopriyete, tonbe nan prizyon, yo totire nou epi kouri risk lanmò.

Mouri akòz lafwa nan Senyè Jezi se te yon motif lonè.

Pyè, youn nan apòt Jezi, lè yo te deside touye li sou yon kwa, li pa mande yo krisifye li tèt anba, paske li pa konsidere yon moun ki te merite mouri tankou Senyè a.

Kretyen yon te fè plèzi nan pèsekisyon sa yo pou lanmou yo genyen nan Senyè Jezi, tankou nou ka wè nan bib la:

« Gen lòt ladan yo moun pase anba betiz, yo bat yo byen bat. Gen lòt ankò yo mare yo ak chenn, yo jete yo nan prizon. Yo touye yo anba kout wòch, yo siye yo fè de moso, yo touye yo ak nepe. Se kouri yo t’ap kouri soti yon kote al nan yon lòt tèlman moun t’ap pèsekite yo, tèlman yo t’ap maltrete yo. Se po mouton ak po kabrit yo pran sèvi rad tèlman yo te pòv. Moun konsa, latè pa t’ bon ase pou yo. Yo t’ap kouri moute kouri desann nan dezè yo, nan mòn yo. Yo t’ap viv nan twou wòch ak nan twou tè ».

Ebre 11:36-38

Lè yon moun tounen vini jwenn Jezi epi li asime lafwa nan Senyè a, an reyalite, sa se kòm si li te mouri pou mond lan epi li te bezwen viv yon kalite lavi konplètman diferan.

Lavi nan lemonn sa pa fè sans ankò. Lavi pou yon moun ki asepte Jezi kòm sove gen sans sèlman pou sèvi Li.

« Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye ». Kolosyen 3:3

Èske ou tounen vini jwenn Senyè Jezi avèk dispozisyon pou pèdi tout bagay pou lanmou li? oswa ou vini sèlman paske ou gen yon lòt entansyon pou genyen tout bagay materyèl?

Ki kalite ki nan lafwa ou a?

Èske ou gen lafwa pou pèdi pou lanmou Senyè a?

Lè nou patisipe nan Lasant Sen, nou manje pen ak bwè gode diven, konsa nou fè yon alyans avèk Senyè Jezi.

Gode sa a siyifi asime lafwa epi nou pare pou soufri, pèdi e jiska mouri akòz anseyeman pawòl Bondye a.

« Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k’ap sèvi l’ yo mouri! »

Sòm 116:15

Nou bezwen pran tout bagay sa yo e mete an aplikasyon, sa vle di, fòk nou pratike yo.

Nou bezwen viv vre kristianis la!